Discours d’adieu de l’ambassadeur américain Kenneth H. Merten

M. le President M. le PM Messieurs le membres du gouvernement Messieurs les Membres du Parlement Monsieur le Président du AMCHAM Messieurs + Mesdames les membres du Board Mesdames et Messieurs, Chers Amis,
 C’est un plaisir de prendre la parole devant vous ce soir. J’allais délivrer ce discours en français. Et je veux garantir à tous que je peux parler français. Toutefois, je préfère le créole, car bientôt, j’aurais peu d’occasions de l’utiliser. Au fait, récemment, quelqu’un m’a dit que selon la rumeur je serais un citoyen haïtien parce que je parle créole et que je suis né à St. Louis. Et au fait, je dois faire un aveu complet, je suis bien né à St. Louis…. Le St. Louis, dans le Missouri. Pas le St. Louis du Sud. Je ne suis pas Haïtien. Je suis Américain. Mwen te enplike nan peyi Dayiti depi lane 1987, lè Depatman Deta-a te voye mwen vin travay nan peyi-a. Sa fè 25 lane depi map fè rantre soti nan travay an Ayiti. 25 lane depi mwen avèk pèp ayisyen-an nan tranblemandetè, nan gwo misyon imanitè, twa koudeta, de siklòn, yon anbago, e pou pi piti kat eleksyon. Mwen te kòmanse travay nan Anbasad-la nan pi piti pozisyon-an, mwen te tounen travay nan yon nivo mwayen kòm konseye ekonomik, e mwen te tounen kòm Anbasadè. Map onèt avèk nou. Nan lane 1987, lè yo te anonse mwen ta pral vin travay an Ayiti, kè mwen pat two kontan. Men depi lè pye’m te touche tè sa, madanm mwen ak fanmi’m te tonbe damou pou Ayiti e nou te chwazi pou retounen pou travay, osinon pou vin pase vakans. Mwen sonje lè mwen te habitué patisipe nan reyinyon HAMCHAM (kòm yo te rele li anvan), e aswè-a, mwen kontan wè anpil vizaj mwen te konn rankontre anvan toujou la ap travay nan American Chamber of Commerce isit-la. Mwen te rantre kòm Anbasadè nan lane 2009. Lè sa-a, Ayiti sanble li tap pwogrese lantman, men pozitivman. Men tranblemandetè-a te vin pase. Pòtoprens nou tout te konnen-an pa ekziste ankò. Tankou anpil Ayisyen, mwen gen nostalji tou sa ki te reprezante Pòtoprens. Mwen sonje Cathédrale-la, Palais des Cinq Ministères, Grand’Rue-a avèk trottoirs couverts en arcades. Mwen gen nostalji anpil lòt bagay ankò. E menm jan avèk anpil nan nou, mwen sonje zanmi-yo ak sila nou te renmen-yo ki te mouri nan trajedi sa-a. Mwen fyè de travay militè ameriken-yo ak ajans sivil-yo te fè pou vin pote sekou an Ayiti. Mwen fyè de chak grenn sitwayen ak tout òganizasyon endepandan ki te vin ede tou. Chak gwoup te jwe yon gwo wòl nan sitiyasyon sila-a. Mwen konnen gen anpil nan nou ki te fè de aksyon ewoyik pou sove lavi zanmi ak fanmi. Mwen konnen sa te mande anpil kouraj pou rekonstwi biznis nou. Pou tout bagay sa yo, mwen ta renmen fè nou konnen ke mwen gen anpil respè pou nou. Mwen ta renmen di nou, ke malgre tranblemandetè-a ak tout sa li kite deye toujou rete nan memwa anpil nan nou, fòk nou di tèt nou ke Ayiti pa yon tranblemandetè. Ayiti pa ka indentife kom yon katastwòf. Ayiti se yon bèl peyi. Ayiti se bèl plaj. Ayiti se bèl atizana. Ayiti se kreyativite. Ayiti se bon mizik. Bonjan mizik twobadou, rasin – ak mizik mwen pi renmen-an ki se bonjan konpa. Ayiti se machann bale kap van machandiz-li ak medanm-yo kap van bèl fwi. Ayiti se diri ak pwa, pikliz, griyo, ak pwason gwo sèl. Ayiti se yon peyi ki gen fyète pou bèl istwa li genyen. Yon listwa chak fwa li sonje batay li te mennen pou lendepandans-li, ki pèmèt Ayiti jwenn kouraj pou li simonte difikilte-yo jodi-a. Mwen konnen sa ka fèt, e sa se fe kounyea menm. Lè yap pale de mwen, mwen pa ta renmen yo pale de «Anbasadè ki te ede nou nan tranblemandetè-a ». Mwen ta renmen yo pale de Anbasadè ameriken «ki te travay ak nou-an nan tèt kole nan jefò ki tap fèt pou peyi-a dekole». Peyi Etazini angaje’l pou ede pèp ayisyen ak gouvènman ayisyen-an reyalize vizyon yo genyen pou yon peyi pi pwospè. Kounye-a, nou konsantre èd nap bay pou devlopman nan kat sektè ki se: gouvènans ak etadedwa, agrikilti, enfrastrikti ak lasante. Nou akonpli anpil bagay. Pwogram nou yo ap ede fòme polisye; nou ede ogmante pwodiksyon agrikòl-la; nou ede pote pi bon jan sitiyasyon lasante pou Ayisyen, e dènyèman nou te siyen kontra pou yon gwo pwojè konstriksyon lojman. Nou kwè ke pwojè ak pwogram sila-yo pral ede peyi Dayiti mete baz pou plis devlopman toujou. Gouvènman ameriken fyè de kontribisyon nap pote nan peyi-a. Men jan mwen toujou di li, se pa sèlman èd pou devlopman Ayiti bezwen. Bon jan chanjman ki ka transfòme peyi-a, se sèlman envestisman sektè prive-a natinoal e entenasyonal ki ka pote li. Se envestisman sèlman ki ka kreye djòb Ayisyen-yo bezwen-an. Se envestisman sèlman ki ka ede rantre taks leta ayisyen bezwen. Lè moun yo gen travay, yo gen diyite paske se yo menm kap okipe fanmi-yo. Yo gen libète pou yo fè chwa pou tèt-yo. Se menm jan lè gouvènman-an rantre plis taks, li ka finanse pi bon lekòl, pi bon lopital, pi bon wout, ak plis polisye ki pi byen ekipe pou bay sekirite nan lari peyi Dayiti. Gen devlopman ki tres ankourajan. Kontrisksyon Pak endistryèl Karakòl la preske fini nan Nò peyi Dayiti. Pak Endistryèl sila-a demare ak soixante dix-huit milyon dola envestisman Konpayi Koreyen Sae-A Co., e li gen kapasite pou li kreye plis pase 60 mil djòb. Nan mwa desanm ki te pase-a, chèn otèl entènasyonal Marriott te anonse li pral konstwi yon nouvo otèl nan Pòtoprens. Daprè rapò-yo, Ayiti te gen yon ogmantasyon de 21% nan envestisman ki te sòti dirèkteman a’letranje pandan lane 2010-la. Plis pase de (2) lane aprè tranblemandetè-a, nou konstate toujou gen anpil detèminasyon ak bòn volonte deyò-a. Se tout tan konpayi kap chache òpotinite an Ayiti ap voye mande nou enfòmasyon – e konpayi sila-a ta renmen vini pou yon sèl rezon: paske se Ayiti. Men fòk nou klè. Senpati se pa yon estrateji pou atire biznis. Pou Ayiti ka sezi opòtinite moman istorik sila-a, fòk li fè gwo refòm ki pral redwi kou yo nan kesyon kreye biznis nan peyi-a, pou atire envestisman. Ayiti dwe rann bagay-yo fasil pou moun kreye biznis. Peyi Dayiti okipe 174e plas sou 183 peyi, nan denyè rapò «World Bank’s Ease of Doing Business». Mezi Sant Fasilitasyon pou Envestisman (CFI) te deja pran pou kreye yon ògan inik pou okipe kesyon biznis, se yon etap enpòtan. Pou akselere pwosesis-la, International Finance Corporation te rekòmande anile yon seri de ekzijans ankonbran tankou ekzijans yo fè pou dokiman-yo siyen alamen, epi aprè siyati pou yo pibliye nan yon jounal. Li ta enpòtan anpil pou nou ta adopte yon lòt kòd komèsyal pou redwi pwoblèm administratif-yo. Nan lavni, si yo enstale yon sistèm elektwonik pou ede nan kesyon anrejistreman biznis-yo, se yon bagay ki tap bon anpil. Gouvènman ayisyen-an dwe kontinye pran mezi nesesè pou kontwole kontrebann, espesyalman nan fwontyè dominiken-an. Leta bezwen rantre taks nan dwann yo – men tou, biznisman kap swiv lwa-yo dwe gen asirans ke kontrebann pap kraze biznis-pa’yo tou. Mwen kwe Ayiti dwe modènize lwa li genyen pou konbat blanchiman lajan. Enstitisyon Financial Action Task Force ki ekzamine jefò peyi-yo fè nan lit kont blanchiman, te fè konenn Ayiti pa respekte estanda entènasyonal-yo nan domèn sila-a. Lalwa peyi Dayiti nan kesyon sa-a an sispan, men si nou pa pote aksyon pou modènize lwa sila-yo, lap gen konsekans kote yap deklare Ayiti kòm yon peyi ki pa kolabore nan batay kont blanchiman (non-cooperative country). Si yo ta rive fè sa, sa vle di yo pral elimine kesyon transfè elektwonik ant peyi Etazini ak peyi Dayiti. Youn tchouboum wi ! An 2009, lè mwen te pran lapawòl devan nou premyè fwa kòm Anbasadè, mwen te pale de enpòtans respè, patenarya, ak responsabilite nan apwòch travay nou ak peyi Dayiti. Tout ekip anbasad-la ansanm avèk mwen te toujou respekte valè sila-yo nan travay nou, e sa te ede poze yon baz solid ki te pèmèt nou reyalize anpil bagay. Mwen kwè si sektè prive-a ak gouvènman-an tanmen yon dyalòg òganize, yon dyalòg ki chita sou transparans, respè, patenarya ak responsabilite, se yon bagay ki tap ede Ayiti dekole pi vit. Sa tap ede gouvènman-an tabli priyorite, menm jan li tap ede sektè prive-a konprann kijan li ka ede gouvènman aplike politik li pi byen. Mwen kwè nou bezwen raple nou ke gen anpil bon bagay ki te akonpli nan lane ki sot pase-a. E gen anpil bon bagay kap kontinye fèt. Anpil timoun te gen chans pou ale lekòl ane sa-a pou premye fwa; nou gen yon prezidan nan kou kasasyon-an; Pak Endistryèl Karakòl-la ki se pi gwo pak nan Karayib-la ap konstwi nan Nò peyi Dayiti; Channmas, Plas Bwaye ak Plas Senpyè retounen louvri pou tout moun nan Pòtoprens; et kounye-a, se pi piti pase kat san mil moun sèlman ki anba tant; yap rekonstwi ayopò-a; amandman yo pibliye; e nou sou wout pou òganize eleksyon yo. Gen moun surtout a letranje ki renmen pale de aspè negatif, men gen yon reyalite! Peyi-a ap dekole kounye-la menm! Map prepare pou’m kite Ayiti, men mwen konnen ke travay nou-menm nan Anbasad-la ap fè ap ede anpil nan poze baz pou yon peyi pi djanm, pi pwospè. Mwen fyè de travay nap fè pa bò isit. Men map tann pou moman kote Ayiti pap gen bezwen èd pou devlopman, moman kote nou ka di nap fèmen misyon USAID an Ayiti. Lè jou sa-a rive, na konnen ke politik-nou ak politik gouvènman ayisyen-an te aplike yo te gen siksè. Pou mwen fini, mwen ta renmen di nou, pou mwen, vin sèvi nan peyi Dayiti kòm Ambasadè se yon rèv ki te tounen reyalite. Mwen sonje an 1988 mwen te ale nan yon resepsyon kay Anbasadè-a, e mwen te panse «Sa tap bon wi, si mwen ta tounen isit la kòm Anbasadè yon jou!» E byen rèv sila-a te tounen reyalite. Se tou sa mwen te espere e mwen jwenn plis ke sa mwen te espere. Mwen te gen anpil chans pou mwen travay avèk nou tout pandan 25 lane ki te pase-yo, e mwen vle di ke map sonje nou anpil. Dekolaj-la fèk kòmanse. Bon vwayaj! Mèsi anpil. Viv Ayiti et viv la cooperation Haitiano-Americain.
Kenneth H. Merten Hotel Karibe 29 jen 2012
Credit: Le Nouvelliste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *