Prefas ” KOZE LAKAY”

Lè n byen vire gade dèyè, se premye pa n make devan.

 

Koze lakay se premye liv Gérald Toussaint alyas Mèt Gérald ekri. Se yon lodyans, yon meditasyon, yon pwomnad yon nèg rekonesan, konsekan e konsyan fè sou boulva lavi li deja kite dèyè do li. Gen yon bon dòz imilite ak modesti lektè a ap jwenn nan chak ti istwa-kont, chak temwanyaj, chak pa otè-rakontè a fè sou chemen eksperyans li. Nan fondas liv la menm, k ap pale de reyalite chak jou majorite mas pèp Ayisyen an, nou jwenn gran vèti filozofik ki degize sou fòm leson moral e kamoufle kò yo anba zèl diskou naratif.

Liv la gen kenz (15) koze anndan li ki chita nan yon lòd kwonolojik. Li swiv pakou lavi otè a depi anfans rive nan karant ane li gen sou tèt li a. Gen nan koze yo ki bay aspè yon istwa-kont, yon lodyans tankou Ti Flè Dizè ou Ti Sentaniz; gen nan yo se jis yon refleksyon ou yon omaj otè a vle prezante swa sou yon fenomèn sosyal, swa sou yon pèsonaj kèlkonk, elatriye. Kèlkeswa karakteristik koze yo, esansyèl la, chak nan yo se yon fenèt ki debraye sou konsyans, eksperyans, refleksyon otè a. Dèyè chak grenn koze yo, gen yon filozofi lavi k ap debobine. Pafwa fasad la, sa vle di, langaj ou mo otè a itilize yo konn tonbe daplon, entansyon ou pa, tankou melodi powetik; lektè je klere ta swete sa te fèt pi souvan. Ankenn moun pa dwe gen ankenn pretansyon pou refere liv sa-a ak zèv pwezi. Majorite fwa yo, anfaz la se sou mesaj la, imaj pa jwe wòl enpòtan li ta dwe jwe nan dekò koze yo. Pinga yon moun panse se paske lamarin pa metye londyansè a; li klè pou nou, gen anpil talan kache e nou deja wè boujon yon gran lodyansè dèyè lorizon. Ann di alapapòt, nenpòt entansyon analiz Koze Lakay, egzije kritik la antre nan yon refleksyon doukla Oralite-Ekriti, Mesaj-Imaj, Lodyans-Pwezi. Se pa entansyon m ekri yon prefas kòm yon apològ pou liv Koze Lakay, Gérald Toussaint an. Men, isit la, m ap repete sa byen: nan liv sa-a anfaz la dwe chita sou mesaj yo nan chak koze pou benefis lekti e lektè a. Ide santral la plante nan rakontaj senp koze yo nan yon langaj popilè; bèbèl imajis langaj literatè pa fokis otè a. Pou li ou ta di mesaj la, lodyans lan tou literati. Petèt, se pwòp kalkil tingting pa nou. Nou deja aprann sa ki enpòtan an. Ann tou di tou, pa gen yon “pwotokòl lekti” absoli, chak lektè ka apwoche liv sila nan fason pa yo ak tout prejidis yo.

 Nan yon sosyete kote deriv sosyal yo, libètinaj, akiltirasyon, zokikism, brendyennism vle ranplase tradisyon ak valè moral yo, nan lavi jenès la, li toujou enpòtan e onorab lè yon grandèt, menm si l pa nan politik, leve kanpe di ase. Men, li pa rele chalbare dèyè degrenngolad sosyokiltirèl peyi a nan yon voye-monte san angrennaj. Koze Lakay se yon resi otobyografik, yon rakontaj motivasyonèl ki ka sèvi kòm antidòt pèsonèl ou sosyal, endividyèl ou kolektif. Se vre liv la geri otè a e remanbre li pou rès konba lavi, men nan menm pwosesis sa tou pataj entim sa, echanj konfidansyèl sa ant otè a ak lektè a chaje ak benefis sikososyal, e sitou pou lajenès majoritè yon peyi tèt anba tankou Ayiti.

 Koze Lakay se koze ki di, koze-pawòl, koze rakonte. Se koze-eksperyans, koze-tande. Se yon mouvman entwospeksyon-retwospeksyon ki libere otè a e ki nòmalman egzije pataj. Koze-lodyans, yon tradisyon ki byen ankre nan fòklò nou, kilti nou, se yon branch nan tradisyon Oralite pèp nou an, ki byen dekri imajinè ou kapte jeni kreyatif pèp Ayisyen an. Mèt Gérald, paske l deside akouche koze sa yo sou fèy, kontribiye nan efò enpòtan pou konsève moso nan reyalite sosyokiltirèl lakou lakay, sou fòm ekriti. Paske se vre pawòl pale ale, ekriti rete tache sou papye. Byenke langaj la senp, men se sou senplisite sa-a li ta sanble mize pou ka met anfaz sou mesaj, oubyen leson moral yo.

 Liv sa-a, ann sonje, pa yon rekèy pwezi ni gen pretansyon pase pou yon bèl diskou siwolin modèn kote imaj ap taye banda pou kreye chay emosyon kay lektè, oubyen fòse li fè yon vwayaj envante. Se otè a li-menm k ap vwayaje nan yon langaj popilè, yon pawoli senp. Men poutan, lektè a, a gen pou mache nan pye otè a, li a gen pou wè nan nawè otè a, li a gen pou viv nan venn otè a, li sibi toutounad souvnans otè a, e apre chak ti pakou, kidonk chak istwa, lektè a, a tire youn ou plizyè leson moral. Li pa difisil pou konprann istwa yo paske langaj la klè kou dlo kòk. Senplisite pa janm nui, se eksè ki anmèdan.

 Nan yon kontèks jeneral, yon moun ta gen dwa di koze ki pale nan liv sa se yon koze marasa yon istwa Sandriyon. Pètèt se pa toujou desten ou chans ki pote bonè nan koze yo, se pito disiplin, sipò, detèminasyon ak travay di. Koze yo kouvri anpil chapit nan lavi otè a: souvnans, anfans, kouraj ak lanmou manman Manzè Lavi, zanmitay, remò, lanmou, penitans, plezi, nostalji, peyi, fyète, rezilyans, reyisit. Se yon tyaka reyalite brase ak kèk ti priz magi fiksyon. Istwa pèsonèl  ak istwa vwazinay, pawoli ou istwa-kont granmoun oubyen lodyans imajinen, k ap fofile nan pwent sèvèl yon rakontè ki pap kache bouch sere pawòl. Yon moralis-pedagòg transfòmasyonèl, yon l’homme du peuple ki itilize kreyativite l pou preche moral atravè karaktè pafwa ki parèt plis reyèl pase naratè a.

 Mèt Gérald, se youn nan ansyen pwofesè Lèt mwen nan lekòl Segondè Enstiti Abela (Institut Abellard) nan Leyogàn, vil natifnatal nou tou de. Pyiske li te pwofesè fransè, anpil moun ta sipoze premye liv Gérald t ap an fransè, kòm yon swadizan biblo pou anbeli Frankofoni. Okontrè, an bon natifnatal, li konnen e chwazi lanng pèp la, sèl lanng ki simante tout anyisyen an, pou l ekri liv la. Se yon nivo konsyans avanse lè yon kamarad ayisyen rekonèt se nan lanng manman n ak papa n pou n eksprime reyalite lakay, kidonk Koze Lakay. Paske ankenn pyès lòt lanng pa ka kapte imajinè ou jeni pèp Ayisyen fètefouni nan fason lanng Ayisyen an sèl ka fè sa-a. Chapo ba pou Gérald Toussaint! M kontan li ofri m yon lòt opòtinite gade yon lòt fasèt lavi espesyalman Vil Anakawona a, atravè je l, depi ti katkat li rive nan laj li kounyeya, ki depase almanak. Se yon pwogresis, yon pegagòg eklere ki kwè devlopman ak siksè plis depann sou edikasyon pase tout lòt bagay. Dèyè tout koze sa-yo, ekspoze esperyans, jalbare dèyè enjistis sosyal, oto-pòtrè, lektè a dwe jwenn sou tèt tout bagay, tankou yon kouwòn dore, yon bèl istwa siksè: viktwa edikasyon sou povrete ak tout lòt malsite lavi mas pèp Ayisyen an, e patikilyèman yon chantaj pou venere manman yo, potomitan sosyete Ayisyen an. Yon siksè k ap kontinye wout li sou chimen demen e ki pa ka febli paske l soude nan yon konsyantizasyon fon. Se vre, anverite: Lè n byen vire gade dèyè, se premye pa n make devan.

 Kòm Koze Lakay, se premye liv Mèt Gérald, nou kwè l ap kontinye ofri nou plis istwa-kont, ki nan dyakout li, e swete ladan yo n a jwenn dimansyon estetik ou souf powetik lodyans yon Koralen ou yon Moris Siksto, pi gwo lodyansè Ayisyen pou toutan.

 Vye Ewòl (Erold Saint Louis)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *