Jou lendepandans

« Tout papye mwen ekri e pibliye sou sit sa an franse men jodia mwen deside pale kreyòl paske se lang manman’n, paske n pwal koze sou istwa’n, paske lenj sal lave an fanmi, paske kreyòl pale kreyòl konprann, paske kreyòl se lang ki soude tou ayisyen »

 

Pa gen okenn bon ayisyen ke l fèt Ayiti kou aletranje ki pa konn bon sant soup joumou premye janvye sa nou bay pote ti non jwèt « soup lendepandans » la. Pa gen dout nan sa, ke manman yon moun pa ta konn fè manje, lap jwenn yon bon ti soup nan men yon vwazen oubyen yon fanmi, yon zanmi e pou sa ki aletranje yo sitou yon ti soup nan yon bon restoran ayisyen ki respekte tèt li. Mezanmi kounya timoun pa ale swete larezone ankò, se sou « fès bouk » (facebook) yo fè granmoun ki pa wouye yo yon ti salitasyon nan de seri de mesaj jenerik ke yo afiche sou « mi » pwofil yo. Mesye tan ale tan pap tounen.

Pifò Ayisyen renmen soup joumou, sonje zafè swete larezone paske premye janvye se dat enpòtan pou nou. Se premye jou yon lòt ane, jou pou reflechi sou ki nouvèl oryantasyon nou ta dwe pran ak lavi nou. Se jou tou Desalin ak lot zanzèt nou yo, te deklare pèp sa a pap mache ajenou devan kolon blan ankò. Nou granmoun tèt nou.

Jounen jodi, lè premye janvye rive ki fèt nap fete ? Mwen toujou poze tèt mwen kesyon sa a e mwen si ke mwen pa sèl ayisyen ki konn mande tèt li kiyès nan 2 evènman jou sa a make e kisa nap selebre.

Jou anpil peyi nan mond la kanpe pou salye yon lòt lanne kap dekole,  yon lòt mak sou kòs pye bwa lavi. Oubyen jou zanzèt nou yo nan lanne 1804 te chita pou deklare ti bout tè sa a lib e endepandan e li pa sou lobedyans kolon franse. Eske se dat nesans yon nasyon an, yon kokenn chenn pilye nan chato idantite’n nap fete? Mwen pa si non ke se fèt lendepandans lan ki prime, pou’m pa di li neglije. Korije’m sim manti.

Poutan gen syosyològ ki panse si anpil ayisyen santi yo plis « tout lòt nasyon ke ayisyen » se paske konfizyon egziste nan tèt anpil nan nou sou kisa premye janvye reprezante pou nou.

Fòk nou rekonèt jou premye janvye anpil ayisyen nou rankontre plis anvi di’n « Bonn ane » olye yo di’n « Bonn fèt lenpedans ». Se pou sa mwen anvi pwopoze yon bagay ki riske choke kèk moun men ki parèt enteresan nan jem pou ede rezoud pwoblèm sa a.

Kòm premye janvye anpil peyi nan mond la (nou menm tou) gentan konfiske’l pou selebre premye jou ane kalandriye « Gregorien » an. Kisa nou panse si nou ta fè yon « référendum » pou chanje e adopte yon lòt jou  kòm « fèt nasyonal » ?

Pa mande’m ki dat li ta ka ye. Nou gen 18 Me ki se jou fèt drapo a ki, chak ane, pèdi yon ti kras nan sa li te konn ye. Nou gen 7 fevriye ki se yon jou enpòtan pou tout ayisyen paske se jou nou te delivre anba diktati san manman ki bwase bil peyi a pandan preske trant lane. Nou gen 29 mas ki se yon dat istorik paske jou sa a nou te deside dote tèt nou de yon konstitisyon ki bay tèt li pou misyon pwoteje dwa ak libète tout ayisyen nan garanti bon jan demokrasi nan peyi a, e gen anpil lòt jou ankò nan almanak la.

Mwen panse gen yon dimansyon sikolojik ki pèdi nan fete premye janvye paske li enpòtan pou yon pèp kanpe yon jou pou sonje ke li se yon nasyon li dwe leve doubout tankou yon nasyon.  Si l gen pou tonbe li dwe sonje tonbe an tan ke yon nasyon e lè li gen pou’l leve se tankou yon nasyon li dwe leve. M pa panse nou dwe bliye premye janvye paske se jou zansèt nou ye te chita pou deklare pèp sa a pa vle e deside pa aksepte gen mèt ankò paske li se yon « nasyon », paske ti bout tè sa a dezòmè pote non « Repiblik Dayiti ». Men nou pa ka kite rezolisyon nouvèlan detounen lespri nou de rezolisyon nasyon ke nou dwe pran chak ane.

Menm jan chak endividi itilize anivèsè yo pou sonje yap granmoun, yo pa ka kontinye viv menm jan chak ane, pouki nou pa ka adopte yon jou kote nou pa al okipe nan swete larezone men na va konsantre sou pwojè nou genyen pou ti bout tè sa a, menm peyi anpil moun te tonbe pou’l ka gen valè e anpil moun kontinye tonbe pou’l ka ofri pitit li lavi diyite ke yo bezwen.

Se paske’m met chapo ba devan jou lendepans peyi sa a, ke’m ta renmen wè nou tout respekte’l e make jounen lendepans la kòm sa dwa. M swete ke tout moun ki vekse oubyen twouve pwopozisyon mwen an deplase va sonje swete chak ayisyen parèy yo ke yo rankontre « Bòn fèt lendepans » paske premye janvye se jou tou pou’n sonje « Premye Janvye 1804 nou te pran Rezolisyon pou’n vinn yon nasyon, yon peyi lib e libè ki granmoun tèt li ». Premye janvye yon jou ki pou raple’n ke travay sa a poko abouti.

Bòn ane 2014 e sitou Bòn fèt lenpedans pou tout ayisyen san distenksyon !

 

                                                                                                                                                                                                                                                   Fersam Allifleur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *