ANEMI DEFISI NAN FÈ (anémie ferriprive/Iron deficiency anemia)

par admin
158 vue

Nou te eksplike nan dènye piblikasyon nou ke anemi se you eta malad kote kò a manke san. Sa vle di pa gen ase globil rouj ou byen ase emoglobin, ki se proteyin prensipal anndan globil rouj yo. Se emoglobin lan ki transpòte gaz ant poumon yo e lòt pati nan kò a. Gaz sa yo se oksijèn ak diyoksid de Kabòn. Kapasite pou transpòte gaz sa yo desann lè you moun anemi e sa eksplike anpil nan sentòm moun nan genyen lè li anemi. Pou plis detay, mwen ankouraje ou li “ti koze sou anemi”. Jodiya nap fè you ti koze sou anemi defisi nan fè. Karans an fè se pwoblèm ki pi komen ki koze anemi. Ensidans li varye selon rejyon nan mond lan. Gen rejyon nan mond lan kote plis ke ven pousan (20%) moun kap viv la gen fom anemi sa aloske gen lot rejyon kote to a pi ba ke senk pousan (5%).


Ki jan karans nan fè rive koze anemi? Fè se you eleman ki esansyèl pou emoglobin paske chak emoglobin gen kat (4) yon (ion) fè ladan-l. Sa vle di kò a pa ka pwodwi emoglobin si li pa gen fè. Piske emoglobin lan se proteyin prensipal nan globil rouj, kò a pa ka pwodwi globil rouj si li pa gen fè pou li pwodwi emoglobin. Konsa you karans an fè koze you enkapasite pou pwodwi emoglobin e sa kondwi a you enkapasite pou pwodwi globil rouj. Le ko a sispann pwodwi globil rouj epi globil rouj ki te la yo komanse mouri paske yo rive kantite jou pou yo te viv, vi-n gen mwens globil rouj ki vle di gen anemi.


Ki jan you moun ka konnen si li gen anemi defisi fè? Anemi sa a bay menm sentòm avek lòt anemi. Li fè moun gen fatig, feblès, tèt-fè-mal, esoufleman, palpitasyon. Nou detaye sentòm yo ak rezon ki koze yo nan dènye ribrik ki te fèt sou anemi a. Nou ankouraje w li l, si ou pot ko fè sa ou byen si ou ta bezwen you ti rapèl. Kòm pi fò anemi bay menm sentòm, se avèk egzamen klinik ak tès laboratwa ke ou ka rive jwen ki tip anemi ke moun lan genyen. Egazamen san tankou emogram ap montre ke emoglobin ak globil rouj yo ba. Konsa tou lap montre ke globil rouj yo pi piti ke yo dwe ye e pi pal ke yo dwe ye. Lot tès san fèt pou mezire ki kantite fè ki nan san an e ki kapasite kò a genyen pou li transpòte fè. Lè you moun gen karans fè, nivo fè a ba nan san-l e kapasite pou li transpòte fè a wo, paske tout proteyin ki la pou transpòte fè yo vid, e kò a ki remake karans lan, pwodwi plis proteyin ki espesyalize nan transpote fè.


Ki sa ki ka kòz you moun gen defisi fè? You moun gen defisi fè lè kò li pa ka absòbe ase pou ranplase sa li pèdi. Ko nou gen you kapasite pou l resikle anpil bagay. Fè se youn nan bagay nou resikle. Nou pèdi fe, lè selil sou po nou ak nan entesten nou mouri e ranplase pa selil ki pi jèn. Nou pa pedi fè, lè globil rouj granmoun e rive sou limit lavi yo ki se sanven (120) jou paske gen you sistèm ki resikle tout sak nan globil rouj yo. Nou pèdi fè lè nou senyen e pèdi globil rouj yo paske nou pa ka resikle sak pèdi. Selil sou kò nou ak nan entesten nou reprezante you ti pousantaj tou piti de fè ki nan kò a. Sa fè lè kò nou ap byen fonksyone, nou pa bezwen absòbe anpil fè paske nou pa pèdi anpil. Fè se you eleman ki toksik tou lè li tròp nan kò a. Konsa, li nan avantaj kò a pou gen you limit nan kantite fè li ka absobe pa jou e nan ki kondisyon sa dwe fèt. Nòmalman, you fi ki ap regle pèdi plis fè pase you fi ki fè menopoz ou byen you gason. Se sa ki fè li pi fasil pou you moun kap regle devlope karans nan fè ak anemi li kòz la pase you moun ki pap regle. You moun kap regle dwe manje bagay ki gen anpil fè pou anpeche sa, paske kò a gen kapasite pou absòbe ase fè pou ranplase sa ki pèdi nan you règ nòmal. Men kèk sitiyasyon ki ka koze anemi defisi nan fè: fibwòm ak lòt kondisyon nan matris ki fè fi senyen anpil; enflamasyon nan entesten ou byen lezyon tankou polip ak kansè nan entesten ki fe moun pèdi san nan poupou ou byen pa ka absobe fè byen; enflamasyon nan lestomak ki koz moun senyen ou byen pa ka absobe fè byen; lezyon nan vesi irinè ou byen nan ren ak lot kote nan sistèm irinè a ki fe moun senyen toutan nan irin; kèk medikaman ki diminye kapasite kò a pou li absòbe fè, plizyè gwoses ki trò pre youn ak lòt ki pa bay kò a tan pou li absòbe ase fè pou ranplase sa li te itilize pou fòme bebe yo, you dyèt ki pa gen ase fè. Pou zafè dyèt la, nap soulinye ke ti bebe ki tete sèlman riske pou li gen karans fè si manman l pa ba li sipleman. Gen lòt kòz toujou men nou konsantre sou sa ki pi komen yo. Si ou ta gen fòm anemi sa, asire w ke medsen kap pran swen w lan chache konnen ki kòz li pou ka gen you bon solisyon pou li.


Ki sa you moun dwe fè si le gen anemi defisi fè? You moun ki gen anemi sa a gen twa 93) bagay pou li fè. (1) Li bezwen ogmante kantite fè li ap pran pou-l ka korije karans la. (2) Li bezwen jwenn ki pwoblèm ki kòz karans la. (3) li bezwen adrese pwoblèm lan kòm sa dwa pou defisi nan fè a pa rive anko. Ogmantasyon kantite fè a ka fe ak manje si karans lan pa grav, paske gen you limit ki kantite fè ou ka absòbe pa jou nan manje, sitou nan sous vejetal yo. Si karans lan grav ou byen pwoblèm lan se nan entesten kote pou ta absòbe fè a, ou ka oblije pran sipleman swa nan bouch ou byen nan venn. Kèk manje ki rich ak fè se vyan, sitou ògan yo tankou ren ak fwa bèf ou byen poul, nwa, ji prin, krèm ble ak anpil sereal ki fòtifye. Lòt manje ki gen you bon kantite fè se zanmann, pwa sèch (ariko), lanti, pwa frans, pwa tyous, epina ak lòt fèy koulè vè fonse, pistach, rezen ak lòt fwi sèch, pèch, abriko, bètrav. Vitamin C ede kò-w absòbe fè pi fasil; konsa li bon pou pran yo asanm. Fè manje nan chodyè ki fèt an fè ede tou nan bay moun plis fè e ede korije ou byen evite defisyans. Men nan you defisyans grav, sipleman se pi bon fason pou ranplase fè. Gen sipleman an konprime, genyen an siwo e genyen tou nan sewòm. Gen plizyè kalite nan chak fòm sa yo e yo chak gen dòz yo. You medsen espesyalis itilize tès san yo pou kalkile nivo karans lan e detèmine ki fòm, ki dòzaj, e pou konbyen tan paysan an dwe pran sipleman an. Dire kòz la ede detèmine tou pou konbyen tan pou moun lan trete. Chanje dyèt ou ou byen pran sipleman adrese premye bagay pasyan gen pou fè. Sa fini la, si kòz la se te you move dyèt. Men si se te you lòt kòz, pasyan-an oblije fè dezyèm bagay la ki se jwenn kòz la, ak twazyèm bagay la ki se solisyone vrè kòz la. Pou de dènye bagay sa yo, nou rekòmande paysan-an wè you medsen pou ka gen you solisyon dirab.

Shella Saint Fleur-Lominy, MD, PhD
Assistant Professor, Medicine
Attending Physician

Vous pourriez aussi aimer

Laisser un commentaire