Lè w ale kay doktè tan an pase byen rapid, pafwa ou bliye poze anpil kesyon. Se lè ou kite kay doktè a ou reyalize ou bliye poze kèk kesyon. Se youn nan rezon ki fè ou sipoze prepare randevou/visit doktè.
Men kèk konsèy pou w ka asire ou byen itilize tan ou genyen ak doktè a:
Fè yon lis: Ekri Tout Sentòm ak Kesyon
Ekri tout kesyon ou genyen. Ekri tout sentòm yo. Make kilè ou genyen yo plis, maten, lannwit, lè w fè mouvman eksetera. Bay doktè a anpil enfòmasyon pou l ka detèmine kisa w genyen epi kijan pou l apwoche tretman an. Toutotan ou bay plis enfòmasyon, li pi bon pou toujou. Lè w ap dekri pwoblèm yo fòk ou onèt, di egzateman tout sa w santi, tout sa ki agrave pwoblèm lan. Doktè a la pou l ede w, ba li ase detay pou l ka byen fè travay li.
• Fè yon journal pou tout kondisyon kwonik tankou tansyon ki wo, dyabèt, doulè. Nan journal la ekri kisa w santi, ekri nivo sik ak wotè tansyon an chak fwa w tcheke l. Si se doulè ekri kisa w santi, kilè w santi l epi kilè li fè w pi mal etc….
Pa Ale Pou Kont Ou
Li toujou bon pou w mennen yon moun avè w pou sipò, pou ede w konprann doktè a oubyen pou eksplike doktè a rezon ki mennen w vini wè l la. Si w pa konprann lang doktè a, Mennen yon moun ki byen konprann pou l ka entèprete pou ou oubyen mande doktè a si pa gen moun ki ka tradwi pou ou. Moun lan ka pran nòt tou lè doktè a ap pale sa ap ede w pa pèdi anyen nan sa kap diskite a.
Fè Lis Tout Medikaman Ak Sipleman
Chak fwa w ale kay doktè ou sipoze revize tout medikaman w ap pran. Swa ou fè lis medikaman yo, oubyen pran tout ale kay doktè a avèk yo. Si w fè lis , mete kijan ou pran medikaman an ak kilè, konbyen fwa pa jou etc. Si doktè a mande w pou w sispann pran yon medikaman, lè w rive lakay ou jete l oubyen retire l pami lòt medikaman w ap pran yo. Poze doktè a kesyon sou medikaman yo oubyen ale wè famasyen ou famasyèn pou ede w ak kesyon ou genyen.
Rezime Vizit la
Poze kesyon sou dyagnostik lan, poze kesyon sou medikaman doktè a preskri w, poze kesyon sou tretman an. Si w pa konprann yon bagay poze kesyon. Pran nòt pou w pa bliye anyen.
Prepare vizit doktè a vrèman enpòtan. Lè w prepare, vizit la ap pi byen pase epi l ap pi bon pou ou. Ede doktè a pou l ka byen ede w. Asire w ou byen itilize chak segonn ou genyen ak doktè.
Maude Desir PharmD., CPh.
Clinical Instructor of Pharmacy Practice