Yogann jounen jodi a se yon komin ki gen yon ti kal nan tout.
Jenerasyon sa se Chak moun k ap eseye pote kontribisyon pa yo nan fason yo kapab.
Se nan menm lide pou kontribye nan enterè komin nan,Kencia Delix moun nou plis konnen sou non Granma ak Leriche Wesly mesye sa ki konnen sou non Kalanm planm de moun sa yo di wi ak lanmou depi 20 lane, mete nan komin nan yon kizin Kreyòl ki pote non ‘’Granma Soup’’

Granma soup se mete lavi nan tradisyon nou yo , yon mannyè pou se pa sèlman Chak premye Janvye pou pèp la bwè soup.
Mete sou sa ‘’UNESCO’’ mete kounya soup joumou nan lis patrimwàn nou yo.
Donk se yon rezon anplis pou n bay plis valè a jan de manje sa yo.
Soup ta dwe yon manje ki moute tab pi souvan, malerezman diskriminasyon a konplèks enferyorite fè anpil moun wont leve kiyè sa met nan bouch yo.
Malgre tout anakba sa yo Granma soup toujou wè nesesite pou toujou fè soup Chak Dimanch.
Sa ki fè, Granma soup vini Jodia youn nan pi gwo kizin Kreyòl nan komin nan, se yon latriye moun ki Chak Dimanch maten vini nan do pak jera kristòf la, nan ri sen loran nan komin yogann pou vin taye banda sou tab Granma.

Nan sa ki gen pou wè ak lasante, Soup la fè nan anpil bonm ki pwòp, nan yon espas Ki pwòp.
Soup la sèvi nan kwi sou tab nan kouvè Ki byen pare.
Anpil temwanyaj divès kliyan moutre yo vrèman apresye sèvis sila.
Se pou sa Dimanch pak 2022 a, Granma pral bay kliyan l yo anpil kado nan yon tiraj.
Pandan peryòd sa, rive jouk Dimanch pak, Chak fwa yon moun bwè soup ka Granma w ap gen yon tikè pou patisipe nan tiraj sa k ap ba w posiblite genyen, anpoul ki rechajab, vantilatè, bakòp, limyè ak pano solèy ak Radyo elatriye.
Tout sa yo se yon gwo rezon anplis pou Chak Dimanch maten pou tout moun al bwè soup ka Granma
Granma soup se nan ri sen loran nan yogann nan do pak jera kristòf la, pòt li ouvè Chak Dimanch maten a 6è pou jiskaske tout bonm soup yo fini.
J F Gallardo CHARLES