Kansè kolorektal

par admin
169 vue

Kalifikasyon/Qualifications Dr. Shella Saint Fleur-Lominy se you doktè medikal e you syantifik ki pase tan li ap fè rechèch e pran swen moun ki soufri kansè ak maladi nan san. Li gen you doktora (Ph.D.) nan syans biyomedikal e plis patikilyèman, iminologi kote tèz doctoral li te konsantre sou you kalite selil ki rele selil T. Li se you doktè medikal (M.D.) tou ki espesyalize e sètifye nan medsin entèn, ematoloji ak onkoloji.


Dr. Shella Saint Fleur-Lominy is a physician scientist with research and clinical focus on disorders of the blood and cancer. She has a PhD in biomedical science with training in molecular oncology and immunology. Her doctoral thesis work focused on the study of T cells. She is also a medical doctor. After completing her MD, she completed residency and fellowship training to become board certified in Internal Medicine, Hematology and Medical Oncology.


Enfomasyon enpotan/Disclaimer: Ti ribrik sa gen pou bi pou l edike, enfòme e reveye lespri sou sijè ki afekte sante moun pou ekipe nou ak matyè ki ka pemèt nou pran koze sante nou o serye. Yo di konesans se richès. Ribrik sa a pran nesans akoz sousi pou pataje konesans pou you kominote pi rich. Itilize l pou byen viv e pou kapab diskite koze sante w pi byen ak medsen ou. Konsa tou, nou vle ke ou konprann ke ribrik la pa la pou ni fè dyagnostik, ni bay preskripsyon ou byen trete okenn maladi. Si ou sispèk ou gen you pwoblèm sante, li bon pou edike tèt ou; men tou sa ki pi enpotan e nesesè pou fè, se wè you medsen ki kalifye e ke ou fè konfyans pou travay avèk ou pou ede w viv an bòn sante.


The sole purpose of this health blog is to educate the readers to be better equipped to care for themselves and partner with their physicians for great outcomes. The blog is not intended to diagnose or propose treatment for any condition. If you are going through a health issue, it is necessary that you see your primary physician who can fully assess you and help you regain your healthy state.

Kansè kolorektal!
Kisa mwen dwe konnen pou m proteje tèt mwen?
Maladi kansè se youn nan maladi ki pi fè moun pè sou latè. Li tèlman koze problem, gen moun ki menm pè site non l. Poutan, ou pa ka gen viktwa sou you ènmi, si ou pa afronte l. Alò, ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont gwo maladi ki rele kansè kolorektal la? Pou komanse, nap mande ki sa kansè kolorektal la ye? Kansè se you group maladi kote selil nan kò a akeri kapasite pou yo miltipliye san kontwòl epi pou yo deplase kite zòn yo nan kò a e al etabli a pran Kontròl lòt pati nan kò a. Nan ka kansè kolorektal la, orijin kansè a ka nenpòt pati nan gwo entesten an ou byen rektòm lan. Li komanse ak youn ou byen plizyè selil epi li vin fòme you mas. Si pa gen trètman ki fèt bonè pou elimine mas sa a, li ap deplase e gaye nan rès kò a jiskaske li domine tout kò a e koze lanmò. Kansè kolorektal se 3èm kansè ki pi komen nan mond lan e se 2èm kansè ki touye plis moun nan mond lan. Peyi kote gen plis nivo devlopman, plis lajan, e kote moun viv pi lontan, se kote sa yo tou ou jwenn plis maladi kansè kolorektal. Li pi komen tou lakay moun ki gen plis laj yo. Nan peyi Etazini, te gen 78300 gason ak 69650 fanm ki resevwa dyagnostik maladi sa a nan lane 2020 an. Nan menm ane 2020 an, maladi sa te touye 28630 gason ak 24570 fanm.
Eske nou konnen ki sa ki koze maladi kansè kolorektal la? Gen plizyè faktè ke rechèch syantifik yo montre ki asosye ak devlopman maladi sa. Pou kèk moun, se you problèm jenetik li ye. Moun sa yo se moun kote plizyè manb nan fanmi an devlope menm maladi a, ou byen kèk lòt fòm kansè ki gen kòz jenetik komen ak kansè kolorektal. Pou majorite pasyan yo, faktè yo idantifye yo gen pou wè ak jan moun viv, ki vle di sa moun manje, bwè ou byen fè pandan yap viv. Gen nan faktè sa yo ke rechèch yo montre ki ogmante risk pou maladi a devlope. Konsa tou gen lot ki diminye chans maladi ya devlope.
Kèk nan sa ki ogmante risk la se fimen sigarèt, bwè alkòl, pran twòp pwa pou vin obèz, manje vyann ki transfòme tankou hot-dog, la, ou byen manje pakèt manje fri, ak manje griye.


Kèk nan sa ki diminye risk la se fè egzèsis, manje anpil fwi, legim, lay, manje ki rich ak fib, kalsyòm, vitamin B6, vitamin D, asid folik avèk magnezyòm. Gen kèk medikaman ki diminye risk la tou. Youn ladan yo se aspirin. Men li pa you rezon pou al pran medikaman paske nou konnen medikaman toujou mande you evalyasyon klinik avan ou deside pran l pou asire ke li pap koze bagay negatif lakay ou.


Pou you moun diminye risk developman maladi sa lakay li, doktè ankouraje l pou li evite pran twòp pwa, pa fimen, fè anpil egzèsis, konsome anpil nan sa rechèch montre ki diminye risk la tankou fwi yo ak legim yo, epi ou ti jan teke fren sou zafè manje griye, manje fri, vyann transfome ak alkòl.


Apa de jan you moun viv, ki lòt bagay li ka fè pou pwoteje tèt li kont kansè kolorektal? Sa se you kesyon ki enpotan anpil. Ou sipoze viv byen e swiv mezi sanitè yo, men sa pa anpeche devlopman maladi a san pou san (100%). Pou nenpòt maladi a, e sitou pou maladi kansè, pi bonè se granmmaten. Rechèch syantifikch yo estime ke li pran apeprè dis (10) lane pou selil nan gwo entesten yo ou byen rektòm lan akimile chanjman ki fòme kansè yo e devlope you kansè ki gen kapasite pou deplase. Avan li rive kansè, li pase kèk etap ke tèst ka dekouvri. Konsa li konseye ak moun ki gen you risk konsiderab pou yo fè tèst depistaj ki ka ede dekouvri pwoblèm lan nan you fòm entèmedyè ou byen nan you fòm kansè ki poko gaye lòt kote nan kò a. Lè sa a li nan you nivo ki ka geri. Test depistaj ki rekomande pou tout moun ki gen 45 lane ou byen plis, se kolonoskopi. Tèst sa pèmèt doktè kap fè l la wè tout gwo entesten an, komanse depi nan rektòm, pase nan kolon sigmoyid la, pase nan kolon desandan, kontinye nan kolon transvès, ale nan kolon asandan, jis li rive nan sekòm lan. Sa pèmèt doktè a retire sa kap fòme yo pandan lap fè tèst la, epi fè biyopsi ki pou al analize nan laboratwa. Si tout bagay nomal, pasyan ap refè koloskopi a nan dizan (10 lane) ankò. Men pou kèk pasyan, e tou depan de sa ke yo te jwenn nan entesten an, yo ka mande l refè tèst la nan youn (1), twa 3), senk (5) lane e latriye. Gen lot tèst depistaj tou men yo pa sansib menm jan ak kolonospoki a. Tèst sa yo se sigmoyidoskopi, plizye fom tèst sèl (poupou) ki ka dekouvri san ou byen materyel jenetik anomal nan poupou a. Si you moun pa vle ou byen pa ka fè kolonoskopi, ou ka komanse avèk yo, men li ta toujou pi bon si ou fe kolonoskopi.


Kijan you moun ka konnen si kansè kolorektal ap devlope lakay li? Maladi kansè se tankou rat mode soufle. Li fasil pou li ap ronje you moun epi se lè li fin fè anpil dega moun nan konn sa. Se sak fè tèst depistaj yo enpotan. Ou fè yo depi lè ya rive (laj ak enteval apropriye) san ou pa bezwen santi okenn sentòm. Pou moun kanse kolorektal bay sentòm yo, li konn fey o santi yo feb paske li ran yo anemi. Konsa tou, li konn bay vant fè mal, konstipasyon, vant balonnen, san nan poupou, avèk poupou ki chanje fòm. Sa pa vle di depi ou gen sentòm sa yo se kansè kolorektal ou genyen; men si ou ta wè ou gen sentom sa yo epi lap dire sou ou malgre sa ou fè, pa neglije konsilte you doktè.


Eske kansè kolorektal vle di lanmò? Kansè kolorektal ka trete e li ka geri men sa depan de nan ki staj yo dekouvri l. Si ou ta nan sitiyasyon kote ou resevwa vye dyagnostik sa a, pa mize pou wè you espesyalis ki fòme nan trètman maladi sa. Trètman an depann de ki kote kansè a plase e nan ki staj li rive. Si li se premye staj ou byen kèk nan dezyèm staj yo, ou ka bezwen sèlman you operasyon pou geri de maladi a. Men gen kèk staj ap pozisyon ki pi konplike e ki bezwen non selman operasyon, men tou chimyoterapi avèk ou byen san radyasyon (reyon) e ki ka fet avan ou byen aprè operasyon an. Se medsen espesyalis yo ki dwe analize sitiyasyon an e determine a pati de done syntifik yo ki tip de trètman kap ba ou plis benefis e nan ki sekans yo dwe ba ou l. Gen moun tou yo itilize iminoterapi ak lòt trètman ki rele terapi sible pou trete maladi sa. Jan yo deside trete maladi a pa you aza, men rezilta rechèch syantifik ki fèt pandan anpil tan. Konsa tou, si kansè a gen tan nan katriyèm staj, li pa fasil pou malad la geri men li ka trete pou malad viv kek lane avek maladi ya.


Alò, kansè kolorektal pa you jwèt, men tou se pa pè pou nou pè pale de li. Se prekosyon pou nou pran pou nou diminye chans nou devlope l. E si nou ta devlope l, atake l tankou you sòlda avek bon jan zam medikal pou se nou menm ki gen viktwa sou li.

Shella Saint Fleur-Lominy, MD, PhD
Assistant Professor, Medicine
Attending Physician

Kredi imaj : https://www.medicinenet.com/image-collection/colon_cancer_picture/picture.htm

Vous pourriez aussi aimer

Laisser un commentaire