Kay El Resto yon kizin Kreyòl nan Yogann

par admin
110 vue

Kay El Resto sa ki vle di Kay Elwide Resto, se yon kizin Kreyòl nan mitan vil yogann anfas plas sentwoz la sou Gran lari an.

Restoran sa se pwopriyete Prive Elwide Romain, yon jèn fanm k ap monte ak anpil fòs nan lakou yogann.

Depi 10 Desanm 2021 an, Kay El Resto ak vil yogann se yon kòkòt ak figawo, youn paka pase yon jounen san lòt, se yon randevou janmè bliye.

Kay El Resto, se yon restoran Kreyòl.
Ladan l ou jwenn yon seri manje ki orijinal, ou pa souvan jwenn anpil lòt kote.
Manje sa yo sòti nan jèvrin pwodiksyon nasyonal nou an.

Selon Elwide Romain responsab restoran sila, Objektif yo se ankouraje pwodiksyon nasyonal la, epi kenbe kilti ayisyèn nan vivan.

Inisyativ sa fasilite anpil moun Chak jou manje bon jan manje Kreyòl.

Toujou selon Elwide, « Anpil moun, sitou sila yo k ap viv nan sektè dyaspora a lè yo vin ayiti yo konn anvi manje kèk manje yo pa jwenn chak jou »
Responsab la kontinye pou di; « Gen moun ki malad ki paka manje nenpòt manje li deside mete sèvis li a dispozisyon yo, mete sou sa, li vle fè yon diferans pa rapò ak evolisyon mache a jounen jodi a ».

Youn nan pi gwo satisfaksyon Kay El Resto se jan moun yo apresye lide biznis lan, kliyantèl la dakò ak tout kouvè Ki pare yo toutfwa yo respekte tout kondisyon ak lizay lijyèn yo.

Tankou jan nou te wè l sou rezo sosyal yo, espesyalman fesbouk Kay El Resto te sibi nan mwa pase a yon atak mistik, yo te leve jwenn plizyè biten yo itilize nan wonga devan espas la, sa pa retire nan kouraj responsab yo, Elwide Romain di li detèmine pou l ale pi lwen.

Kay El Resto se divès pla tankou, lam yanm patat aransèl, diri pwa Kongo maymoulen ak fèy, bouyon Konsonmen, kafe ak pen.
Yon Kizin ki bay jarèt ak pwodwi lokal yo, ak pèmèt ti peyizan yo plis mete kichòy nan latè.

Anpil moun nan komin yogann nan divès sektè, pa kache satisfaksyon yo pou Kay El Resto.
Se yon biznis ki fè pale pou li anpil.

J Fevrius Gallardo CHARLES

Laisser un commentaire