La Fleur de Rose lanse sezon rara l pou ane 2022 a

par admin
66 vue

Jedi 3 Mas 2022 an, li te 11è nan maten yo senk lan te riyini abò yon tab devan kamera divès platfòm Rara ak medya an liy nan yon otèl nan komin yogann.
Objektif rankont ak laprès sa, sete pou lanse ofisyèlman sezon rara 2022 a.

Lilangélo Sony Louis prezidan fàn klèb La Fleur de Rose la, se li ki te premye pran lapawòl pou remèsye Ginen yo, mèt olowoum Bondje lavi a, Mesyedam laprès yo, Dirijan Laflè diwòz yo, fanmi bann nan, Fàn klèb Laflè a ak de ‘’ Team’’ yo « Gwo manman , Paka Pa la ».

Touswit aprè sa yon minit silans te pran nan non Widler FRANÇOIS moun nou plis konnen sou non bòs Dòdò yon gwo manb nan fàn klèb la ki bwè dlo bouch li nan peyi Etazini.

Sou tab la te gen Mayestwo JanJan,se li ki gen responsablite ane sa pou mennen bann nan nivo mizik yo.
Osmin Desange, Prezidan Bann nan.
Lilangélo Sony Louis Prezidan fàn klèb bann nan.
Dorestal Rose Michel, Pòt pawòl ‘’Team Gwo Manman’’

Laflè ki prezante ofisyèlman nouvo logo yo, logo sa se yon alyaj ant yon tanbou ak pòtrè rèn anakawona.

Prezidan Laflè a Osmin Desange pwofite okazyon an pou prezante eskiz yo pou defile Dimanch pak lane 2021 an Ki te gate.
Prezidan an pwomèt sa p ap rive ankò, men tou yo mande pou responsab yo pran responsablite yo an men.
Yo eskize yo bò kote piblik la, laprès, ak tout ti machann yo.

Bò kote pa l pòt pawòl Team Gwo manman an te pale sou Objektif yo pou ane a, kote yo pral anbeli bann nan ak pote anpil koulè.

Pou Team Paka pa la, se prezidan Ougan Jean ki te entèvni yo pwomèt pou kreye plis animasyon ak motivasyon bò kote fanatik yo

Sou koze mizik ak rit bann nan, Mayestwo JanJan di Gwo manman pare pou fè lòbèy, yo gen yon efektif ki nòmal si non, yon twonbonn yo manke men sa p ap deranje.
Mayestwo Janjan di li kontan anpil pou l Mayestwo Laflè jounen Jodia, yon bann li renmen depi l te tou piti.
Desten Laflè diwòz nan men Mayestwo Janjan.

Nou pat remake prezans URAL, ADBRAL , Meri ak kèk lòt enstans ankò.
Ni tou La Flè pat pale sou koze Bidyè bann nan pou ane 2022.

Bann nan deja liminen nan demanbre l, e li deja pare pou foule beton an 5 ak 6 Mas k ap vini la.

Se pwen sila yo ki te fè esansyèl lansman sezon Rara Laflè diwòz la pou ane 2022 an.
La Flè pral frape tanbou pou rekonsilye nasyon an, si n vle kwè tèm rara 2022 an.

J Fevrius Gallardo CHARLES

Vous pourriez aussi aimer

Laisser un commentaire