Nwèl nou wè l tout jan

par admin
67 vue

Sa fè lontan depi an ayiti tout tradisyon yo bay fas yo sou laba.
Gen anpil rezon ki esplike sa, men pi gwo rezon majè a se ensekirite sa ki paralize sikilasyon yo, ak koze gwo enpak sou deplasman moun yo nan peyi a.

Dèyè tout rezon sa yo , AGONYON Bèk fè nan koze kilti,yon estrikti tou nèf k ap pran souf nan komin yogann depi 10 Fevriye 2019, angaje yo nan fè pwomosyon pou lang ak kilti Kreyòl, pa sispann fouye twou nan banbou pou lespwa boujonnen.

Aprè yo te fin poze almanak kesyon ‘’Èske nou nan Nwèl’’ nan lane 2020 fwa sila yo lonje men bay yon lòt edisyon ‘’Nwèl tout jan’’

‘’Nwèl tout Jan’’ se anba tèm sa 8 jèn fanm ak jèn gason pral vannen talan pami 18 moun ki te patisipe.

‘’Nwèl tout jan’’ se yon konkou pwezi nan lang Kreyòl pou kenbe vivan tradisyon fèt Nwèl la.
Mete sou sa, se yon konkou pou chache talan, kreye yon espas pou jèn k ap ekri yo rankontre a gran piblik la.

Sou 18 Moun ki te patisipe, Ricardo OXAME, Cassandre ROGER, Sheldalove DARIUS, Rose-Thamar VALCIN, Louvensky ALEXIS, Shildens Enolet FRANÇOIS, Hans Jovinsky CADEJUSTE ak Ulrickson EXILUS se non 8 postilan sa yo ki kalifye pou gran final la 24 Desanm 2021 an, a 3zè nan aprè midi nan ‘’Belval Plaza N Club’’ sou wout Belval la nan leyogàn.

‘’Nwèl tout Jan’’ se moutre tou jan tout fason tout kalte n ap viv fèt Nwèl la pa bò isit.
Nan yon kontèks van vante rèv, kè nou kontan nan lapèn, solèy pran pàn gaz lajounen fènwè nan fon kè limyè.

Nan yon peyi anyen pa egziste, nou dwe chache yon fason pou limen flanbo legzistans Atizay la.
Kote ki pa gen anyen ditou nou ka kreye plizyè kalte biten.
Se nan sans sa 8 finalis yo kase nou randevou pou vin limen flanbo lespwa pou yon lòt vi yon lòt tradisyon.

Ane sa moun ki ranpòte lamayòl la ap gen nan sak li 50 mil pyas.
Sila a ki vin an aprè a ap genyen 25 mil pyas
An aprè an aprè premye a ap gen 10 mil pyas

Sa p ap ase, ganyan yo ap benefisye liv powetik ak bous pou yo etidye nan divès lekòl pwofesyonèl nan komin nan.
8 finalis yo pral reyini 12 zèv yo Chak nan yon antoloji k ap gen pou pibliye nan koumansman ane 2022 a.

Dezyèm edisyon konkou pwezi Kreyòl AGONYON an sou tradisyon fèt Nwèl la, ap rann dènye bout souf li 24 Desanm nan, tout sila ki vle vin fè bèk fè ap peye nan baryè antre a 150 goud, oubyen achete kat la nan men youn nan finalis yo.

AGONYON ak Nwèl se yon maryaj kòkòt ak figawo pou trese talan tankou grenn lapli nan lavi kiltirèl peyi d ayiti

J Fevrius Gallardo CHARLES
RADYONOU

Vous pourriez aussi aimer

Laisser un commentaire