Salay Gwòg, Ap nan ‘’ Festival de la Francophonie de l’alliance Française ‘’

par admin
84 vue

Salay Gwòg, Ap nan ‘’ Festival de la Francophonie de l’alliance Française ‘’.

24 Mas 2022 an se ap ‘’ Festival de la Francophonie de l’alliance Française’’ nan vil Toluca nan peyi Meksik.

Se yon aktivite Ki reyini Prestasyon anpil atis ak gwoup nan divès peyi, ekspozisyon sou kizin divès peyi ak anpil moun Ki pwofesyonèl nan domèn sa yo.

Pou ane sa, se Chèf David Guirand ki pral reprezante kizin ayisyèn nan oubyen kizin Kreyòl la tankou jan li te anonse sa sou paj Fesbouk li.

Yon ti kout je sou Chèf David

Chèf David Guirand se Pwopriyetè ‘’ La Maison Culinaire David Guirand ‘’ youn nan pi gwo lekòl kizin nan karayib la, Ki fòme plis pase 100 jèn Chak ane nan domèn kizin.

Nan tout sa Chèf David ap gen pou ekspoze yo nan festival nou sot pale w la, Salay Gwòg antre nan lis la.
Salay Gwòg se yon melanj Kleren Nazon Ki fèt ak siwo kann, zo devan zo krikri safran ak kanèl tranpe ladanl.
Gwòg sa ki fèt leyogàn ap gen pou patisipe nan youn ak de nan resèt Chèf David yo.

Se yon Gran pa pou pwodiksyon lokal la.
Bò kote pa l Jean Marcel Casimir Pwopriyetè Gwòg Salay la redaksyon nou te kesyone, se yon fyète pou ayiti espesyalman moun Yogann kote basyon Kleren an ye.
Se yon chans Chèf David ofri ak lòt nasyon yo pou Savoure sa ki soti lakay.

Se yon fyète tou pou tout Ekip Salay Gwòg la ansanm ak Sektè Endistri a nan Yogann.

‘’ Festival de la Francophonie de l’alliance Française ‘’ ap fèt Mèkredi 24 Mas 2022 nan peyi Meksik nan vil ‘’ Toluca ‘’ Chèf David ap gen pou ekspoze anpil nan resèt li yo, l ap gen pou pran lapawòl sou kizin ayisyen an, l ap pwofite mete aksan sou Gwòg Salay.

Kore Salay, se kore pwodiksyon lokal nou yo ansanm ak tout sektè endistri an.

Fevrius Gallardo CHARLES

Vous pourriez aussi aimer

Laisser un commentaire